an okazyon saa, Pastè Pauris Jean-Baptiste ap pwononse yon konferans sou avni lang kreyòl la a pati 10 zè nan maten. Apre sa, pwofesè Christophe Charles ap fè vant -siyati nouvo liv li ki rele "135 poètes créoles d'Haïti de 1750 à 2011". Ap gen resital pwezi tou ak plis pase 20 powèt liv la prezante.
Haïti: 135 poètes d'Haïti
Liv sa a prezante tout powèt ki ekri an kreyòl sou tè Ayiti depi tan lakoloni jiska lane 2011. Li kontwole resanse plis pase 135 atis plim ki manyen-trese-detrese lang manman nou-an. Depi lane 1750, lè kolon franse Duvivier de la Mahautière transkri "Lizèt quitté la plaine"jouk rive sou Toupi lavi Christophélès, san bliye gwo chabrak tankou Oswald Durand, Georges Sylvain, Milo Rigaud, Charles Fernand Pressoir, Félix Morisseau Leroy, Emile Célestin Mégie, Frankétienne, Rassoul Labuchin, Dieudonné Fardin, Jan Mapou ak Pierre Richard Narcisse. Li trase pou moun ki bezwen konnen, sitou jèn-yo, evolisyon literati kreyòl-la ak gwo moman-mouvman ki travèsel tankou Cric-crac (1901), Tassos (1933), Diacoute (1951), Dezafi (1975), Lanmou pa gen baryè (1975), mouvman kreyòl (1963), sosyete konkouy. Li pale tou de tout nouvo powèt nan lane 2000-2010 k'ap pote byen wo labanyè pwezi kreyòl la. Liv sa a se yon min enfòmasyon pou lè istoryen yo pral bezwen ekri istwa literati-ayisyen an.
Pwofesè Christophe Philippe Charles se espesyalis literati klasik Ayisyen. Li deja ekri anpil liv sou gran otè nou yo tankou : Coriolan Ardouin, Ignace Nau, Oswald Durand, Etzer Vilaire, Virginie Sampeur, Magloire St- Aude, Gérard Dougé, Franketienne. Li se premye kritik ki pibliye antoloji pwezi kreyòl (1979) ak antoloji pwezi fanm (1980). Gen lontan l'ap swete ke leta mete kanpe Academi kreyòl la an Ayiti.

Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire